Accessibility links

Breaking News

Yon Sondaj Moutre ke Lula Kenbe Yon Avans 14 Pwen Sou Bolsonaro


Brazil
Brazil

Nan peyi Brezil, Jair Bolsonaro ki dèyè nan sondaj opinion, atake advèsè ki anfas li e k ap mennen nan kous pou prezidan an, Luis Inacio Lula da Silva nan dènye deba ke yo te fè jedi, e Bolsonaro kalifye advèsè a kòm yon “mantè, yon ansyen prizonye ak yon trèt.”

Nan chache mete Bolsonaro K-O e ranpòte eleksyon an depi nan premye tou, Lula, ki se yon lidè karismatik ki te dirije Brezil ant 2003 ak 2010, te reponn rival ekstrèm-dwat li a kòmsadwa.

Li di, “Li lèd pou yon prezidan d-larepiblik ap bay manti tout tan, » se konsa li te pale ak vwa li ke tout moun nan peyi-a konnen.

Yon sondaj ke Datafolha te reyalize jedi, anvan deba a, te moutre ke Lula kenbe yon avans 14 pwen sou Bolsonaro.

XS
SM
MD
LG