Accessibility links

Breaking News

L-OTAN Sèmante l ap Reponn Kif-Kif Atak ki Fèt sou Enfrastrikti Enpòtan Li Yo


Tuberías del gasoducto Nord Stream 1 en Lubmin, Alemania, el 8 de marzo de 2022.
Tuberías del gasoducto Nord Stream 1 en Lubmin, Alemania, el 8 de marzo de 2022.

L-OTAN sèmante ayè jedi-a ke l ap reponn kif-kif pou atak ki fèt sou enfrastrikti enpòtan nan nasyon manm li yo. Li di ak tout fòs ke atak sa yo ki kase 2 manman-tiyo ki anba lanmè Baltik la e ki la pou pote gaz natirèl soti nan LaRisi pou ale ann Almay, se direkteman rezilta yon zak sabotaj.

Anbasadè nan l-OTAN yo, prensipal alyans militè l-Oksidan an, di nan yon kominike, “Nenpòt atak ki fèt kareman kont enfrastrikti enpòtan alye yo ta rankontre ak yon repons ini e detèmine.” Kominike a di 4 brèch ki fèt nan manman-tiyo yo bay gwo enkyetid.

L-OTAN pa akize pèsonn pou dega ki fèt nan tiyo gaz yo. Fwit sa yo lakoz danje pou ekspedisyon k ap pase nan lanmè a, e riske fè gwo dega nan anviwònman an.

Nan Moskou, pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov di jedi ke brèch ki fèt nan tiyo Nord Stream nan yo pa t ap posib san enplikasyon yon gouvènman.

XS
SM
MD
LG