Bonm lan te eksploze nan moman kote plizyè santèn etidyan adolesan tap pran yon egzamen pou antre nan inivèsite, dapre sa yon temwen di korespondan AP.
Eksplozyon an nan katye Dashti Barchi nan Kaboul, kote yon bon pati nan popilasyon an se etni Hazaras, ki se manm kominote chiit la ki minoritè nan peyi Afganistan.
Pa gen okenn gwoup ki reklame responsablite pou atak la.
Gwoup Eta Islamik la - ki se prensipal rival Taliban yo depi lè yo te pran kontwòl Afganistan an nan mwa Out 2021 - te vize kominote Hazara nan pase a.