Accessibility links

Breaking News

Putin siyen Dokiman Aneksyon 4 Rejyon Ikrenyen yo


Ceremony to declare Russia's annexation of four Ukrainian territories held in Moscow
Ceremony to declare Russia's annexation of four Ukrainian territories held in Moscow

Prezidan Ris Vladimir Putin siyen Vandredi, dokiman pou anekse 4 rejyon nan Ikrèn ke Moskou te okipe totalman oswa pasyèlman. Li mande Kyev pou l "sispan imedyatman atak" li ap fè sou rejyon sa yo.

Lidè rejyon ikrenyen Donetsk ak Lugansk (lès) ak Zaporizhia ak Kherson (sid) te siyen dokiman aneksyon sa yo ansanm ak Putin devan yon odyans ofisyèl gouvènman. Pami responsab ki te prezan yo gen depite ak senatè, ak lòt manm elit politik Ris la.

Yo te brat bravo epi chante "Larisi!" dapre imaj televizyon Ris la difize.

Nan diskou li pre-aneksasyon an, Putin te mande Kyev pou l "sispann imedyatman tire, atake rejyon sa yo epi retounen sou tab negosyasyon an".

Putin di, "Nou pral defann peyi nou an ak tout fòs ak tout mwayen nou genyen a diposisyon nou" pandan ke ofisyèl Ris yo te repete anko pou yo sèvi ak zam nikleyè pou defann teritwa Ikrenyen ki fèk vin fè pati Larisi.

XS
SM
MD
LG