Accessibility links

Breaking News

Kremlen Pral Òganize Yon Seremoni pou Antre nan LaRisi Ofisyèlman 4 Rejyon ki nan Ikrèn


Virus Outbreak Russia
Virus Outbreak Russia

Kremlen an fè konnen LaRisi pwal òganize demen vandredi a yon seremoni pou antre nan LaRisi ofisyèlman 4 zòn nan Ikrèn. Se yon aksyon ke Ikrèn ak alye li yo rejte kòmkwa li pa lejitim, pandan yo pwomèt pou reponn ak nouvo sanksyon.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov di jounalis yo jodi jedi, seremoni vandredi a pwal gen ladann prezidan ris Vladimir Putin ansanm ak lidè yo ke LaRisi nonmen pou 4 rejyon kote Ris yo te òganize referandòm ki te fini semèn sa a.

Chanselye alman Olaf Scholz pibliye yon tweet, jedi, kote li asire Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ke Almay p ap janm rekonèt sa li rele “swa-dizan rezilta yo”.

Sekretè laprès Mezon Blanch Karine Jean-Pierre te di jounalis yo ayè mèkredi a ke kèlkeswa sa LaRisi di, zòn sa yo rete teritwa Ikrèn.

XS
SM
MD
LG