Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa: Ortega Kritike Lidèchip Legliz Katolik la kòm "Diktati"


Nicaragua Catholic Church Explainer
Nicaragua Catholic Church Explainer

Prezidan Nikaragwa a Daniel Ortega di lidèchip legliz Katolik la se "yon diktati pafè, yon tirani pafè", Ortega fe deklarasyon sa a 2 semèn apre Pap Franswa te asire ke "li te gen yon dyalòg" ak Managua.

Nan chita pale sa a Ortega te mande "kilès ki eli prèt yo? Kilès ki eli kadinal yo? Kiyès ki eli Pap la? (...) se yon diktati pafè, yon tirani pafè!"

Li te fè deklarasyon sa yo nan yon diskou nan okazyon 43èm anivèsè Fondasyon Polis Nikaragwa a.

XS
SM
MD
LG