Accessibility links

Breaking News

Siklòn Ian, ki Pase sou Kiba, Touche Tè nan Eta Florid nan Jounen Mèkredi 28 Septanm 2022 a


Siklòn Ian, ki Pase sou Kiba, Touche Tè nan Eta Florid nan Jounen Mèkredi 28 Septanm 2022 a
please wait

No media source currently available

0:00 0:29:58 0:00

Sant Nasyonal Siklòn Lèzetazini an, ki baze nan vil Miami, fè konnen yon siklòn ki danjre anpil-anpil e ki rele Ian, touche tè nan Eta Florid, nan pati sid peyi a.

Dapre previsyon yo, Ian touche tè nan jounen mèkredi 28 septanm nan tou pre vil Cayo Costa, olon kòt sidwès Florid, avèk van ki t ap soufle ak yon fòs minimòm 250 kilomèt anviwon alè, swa yon fòs ki preske mete l nan kategori 5 sou yon echèl a 5 nivo ki sèvi pou mezire vitès yon tanpèt ak potansyèl li pou l koze destriksyon.
Konpayi avyon yo anile plizyè milye vòl apre anpil ayewopò enpòtan ki sou wout siklòn nan –pami yo nou jwenn eyewopò Tampa ak Sen-Petèsbou- te deside kanpe operasyon yo.

Sekretè laprès La Mezonblanch la, Karrine Jean-Pierre, ki t ap abòde madi sitiyasyon meteo prevwa pou rejyon ki sou pakou siklòn nan, te deklare sou Twitter Prezidan Joe Biden pale ak Gouvènè Ron de Santis pou yo te “diskite sou mwayen gouvènman fedederal la t ap itilize pou l ede Florid fè preparasyon pou Ian.” Prezidan an deja dekrete yon eta dijans pou Florid, sa ki ouvè pòt la pou Ajans Federal Jesyon Ijans yo (FEMA) kowòdone efò sekou an ka dezas yo epi ofri plis lajan federal pou otorite yo nan Florid fè fas efikasman ak sitiyasyon an.

Gouvènè Eta a, Ron De Santis, fè konnen otorite yo te mande plis pase 2 milyon moun deplase, kite zòn kote yo t ap viv la anvan tanpèt la te rive sou yo dekwa pou yo te ka rete an sekirite. Li fini pa di gouvènman li a deja deplwaye 30 mil sekouris ak 7 mil manm gad nasyonal la pou ede popilasyon Florid la apre Ian va fin pase sou eta a.

XS
SM
MD
LG