Accessibility links

Breaking News

Richardson Vizite Moskou, nan Moman Griner, Whelan Toujou Fèmen nan Prizon


Foto Achiv: Ansyen diplomat Ameriken Bill Richardson.
Foto Achiv: Ansyen diplomat Ameriken Bill Richardson.

Bill Richardson, yon ansyen diplomat Ameriken ap travay pou jwenn liberasyon vedèt basketbol Amerikèn Brittney Griner ak yon lòt Ameriken ki femen nan prizon nan Larisi e ki rele Paul Whelan.

Richardson al vizite Moskou semèn sa a kote li rankontre lidè Ris yo.

Se se yon moun ki familye ak kestyon an di Associated Press Madi swa.

Richardson te Anbasadè Etazini nan Nasyonzini e li sèvi plizyè fwa deja kom emisè Etazini nan negosyasyon pou libere otaj.

Responsab Ameriken yo kontinye ap mete presyon sou Larisi pou lage Griner, ke yo te kondane mwa pase a, pou l pase 9 an nan prizon pou posesyon dwog. Whelan limenm se yon responsab wo plase yon konpayi ki jere sekirite pou antrepriz prive yo nan Michigan. Lap sèvi yon santans 16 zan prizon pou espyonaj.

Gouvènman Ameriken an konsidere tou le 2 sitwayen sa yo tankou moun Larisi anprizone enjisteman.

XS
SM
MD
LG