Accessibility links

Breaking News

Pentagòn nan Make 21èm Anivèsè Atak Teworis 11 Septanm 2001 lan


Prezidan Joe Biden patisipe nan yon seremoni kote li depoze yon jeb fle pandan yon vizit nan Pantagon nan, nan Washington, 11 Sept. 2022.
Prezidan Joe Biden patisipe nan yon seremoni kote li depoze yon jeb fle pandan yon vizit nan Pantagon nan, nan Washington, 11 Sept. 2022.

Pentagòn nan, ki se katye jeneral Depatman Defans Etazini an , make 21èm anivèsè atak teworis 11 septanm 2001 an ki te pran lavi anviwon 3 mil moun lè teworis te detounen plizyè avyon komèsyal ki te frape tou marasa World Trade Center nan New York, batiman Pentagòn nan (ki sitye nan Arlington, Vijini toupre Washington DC) epi yon lòt ki t al kraze nan yon chantye nan eta Pensilvani.

Nan Pentagòn nan , drapo ameriken an te deplwaye, yon ofisye depatman defans la te chante im nasyonal Etazini anba yon gwo lapli, e yon mizisyen ak yon « cornuse » te jwe « "Amazing Grace"…Glwa Enfini.

Prezidan Joe Biden ak sekretè Defans la Lloyd Austin te patisipe nan selebrasyon sa a ak yon seremoni kote prezidan an te depoze yon jèb flè nan Pentagòn nan kote te gen 184 moun ki te mouri.

Nan okazyon an , anba gwo parapli akoz lapli a , Prezidan Biden di « 21 an apre atak la, nou kenbe pwomès pou nou pa janmen bliye. Istwa Etazini te chanje jou sa a, men karaktè peyi pa janm chanje »

Lidè ameriken an mansyone detèminasyon peyi a kont teworis etranje yo ki pa « janm febli » , kote l site atak kòmando ameriken an 2011 ki te touye mastèbrenn atak 11 septanm 2001 Osama ben Laden nan Pakistan ak atak ki fèt dènyèman la a ki te pran lavi nouvo chèf al-Kayda a , Ayman al-Zawahiri, nan Kaboul , kapital peyi Afganistan .

Prezidan Biden di ankò Etazini " pap janm ezite fè sa ki dwe fèt pou defann pèp ameriken an "

Gen aktivite ki dewoule tou nan New York kote 2 avyon t al kraze nan tou marasa World Trade Center la kote plis pase 2,700 moun te mouri . Vis-prezidant la, Kamala Harris, ak mari l , Doug Emhoff , te Ground Zero a ak lekti tradisyonèl non moun ki te peri nan evenman tris sa a.

Aktivite tou dewoule nan Pensilvani kote 40 moun anviwon te mouri nan atak ak yon lòt avyon .

Pentagòn nan, Depatman Defans Etazini an , make 21èm anivèsè atak teworis 11 septanm 2001 an ki te pran lavi anviwon 3 mil moun lè teworis te detounen plizyè vyon komèsyal ki t al karaze sou World Trade Center a , ( New York), sou batiman Pentagòn ( Arlington , toupre Washington DC) e yon lòt ki t al kraze nan yon chan nan Pensilvani

Sou lokal Pentagòn nan , drapo ameriken an te deplwaye …… yon ofisye nan depatman defans la chante im nasyonal Etazini anba yon gwo lapli, e yon mizisyen ak yon « cornuse » jwe « "Amazing Grace"…Glwa enfini.

Prezidan Joe Biden ak sekretè Defans la Lloyd Austin patisipe nan selebrasyon sa a ak yon seremoni kote prezidan an depoze yon jèb flè nan Pentagòn kote te gen 184 moun ki te mouri nan atak teworis ki te fèt menm 11 septanm nan sou batiman an.

Nan okazyon an , anba gwo parapli akoz lapli a , Prezidan Biden di « 21 nan apre, nou kenbe pwomès pou nou pa janmen bliye. Istwa Etazini te chanje jou sa a, men karaktè peyi pa janm chanje »

Lidè ameriken an mansyone detèminasyon peyi a kont teworis etranje yo ki pa « janm febli » , kote l site atak kòmando ameriken an 2011 an ki te touye mastèbrenn atak 11 septanm 2001 Osama ben Laden nan Pakistan ak atak ki fèt dènyèman la a ki te pran lavi nouvo chèf al-Kayda a , Ayman al-Zawahiri, nan Kaboul , kapital peyi Afganistan .

Prezidan Biden di ankò Etazini « pap janm ezite fè sa ki dwe fèt pou defann pèp ameriken an «

Vis Prezidant Etazini Kamala Harris ak mari li Doug Emhoff kanpe pandan im nasyonal la ap jwe pandan seremoni pou komemore 21e anivese atak teworis 11 Septanm yo, Dimanch 11 Sept. 2022 nan Nouyok.
Vis Prezidant Etazini Kamala Harris ak mari li Doug Emhoff kanpe pandan im nasyonal la ap jwe pandan seremoni pou komemore 21e anivese atak teworis 11 Septanm yo, Dimanch 11 Sept. 2022 nan Nouyok.

Gen aktivite ki dewoule tou nan New York kote 2 avyon t al kraze nan tou marasa World Trade Center la kote plis pase 2,700 moun te mouri . Vis-prezidant la, Kamala Harris, ak mari l, Doug Emhoff , te sou plas nan Ground Zero (lye kote atak la dewoule a) kote lekti tradisyonèl non moun ki te peri nan evenman tris sa a te fet.

Aktivite te dewoule tou nan Pensilvani kote anviwon 40 moun te mouri nan atak yon lòt avyon .

XS
SM
MD
LG