Accessibility links

Breaking News

Brezil : Yon fanatik prezidan Bolsonaro touye ak kout rach yon patizan Lula

FILE PHOTO: Federal Police officers shoot suspected loggers during an operation conducted jointly with the Brazilian Institute for the Environment and Renewable Natural Resources (IBAMA) at an illegal gold mine near the city of Altamira

Yon senpatizan prezidan brezilyen an, Jair Bolsonaro, touye ak 15 kout rach yon patizann ansyen prezidan Luiz inacio da Silva alyas Lula pandan yon diskisyon politik.

Dapre yon anons lapolis , viktim nan rele Benedito Cardoso, e li te gen 42 zan. Li t ap diskite ak yon lot nèg 24 tran sou premye tou eleksyon prezidansyèl yo k ap gen dewoule 2 oktòb pwochen e k ap mete fas-pou-fas prezidan ekstrèm dwat Bolsonaro ak lidè gochis, Lula , ki parèt favori dapre tout sondaj yo.

Asasinay sa a rive byenta mèkredi swa sou yon fèm nan la Confresa, yon minisipalite riral , eta Mato Grosso, nan sant-wès Brésil.

Lapolis arete asasen an pandan li t ap chèche pran swen nan yon lopital pou blese li te resevwa nan altèkasyon ak yon fanatik prezidan Bolsenario.

Kanpay prezidansyèl la o Brezil la chofe seryezman e li chaje ak vyolans.

XS
SM
MD
LG