Accessibility links

Breaking News

Putin: Li 'Enposib' Pou Izole Larisi


Russian President Vladimir Putin attends a plenary session of the Eastern Economic Forum in Vladivostok
Russian President Vladimir Putin attends a plenary session of the Eastern Economic Forum in Vladivostok

Prezidan Ris la Vladimir Putin di li "enposib" pou peyi yo izole Moskou e li pwomèt pou l koupe livrezon gaz ak petwòl nan peyi ki enpoze yon limit sou konbyen gaz la dwe vann sou mache a.

Nan yon fowòm ekonomik, lidè a te di pandemi Kovid-19 la ki sakaje mond lan vin ranplase avek anpil lòt defi mondyal tankou "sanksyon Lwès yo" .

Nan menm konferans sa a lidè Ris la te diskite tou sou ekspòtasyon sereyal ki te bloke sou pò Ikrenyen yo. Daprè li, deman ekspòtasyon yo te fèt pou pote sekou bay peyi pòv yo men an reyalite se peyi Inyon Ewopeyen yo ki jwenn sereyal sa yo.

Li deklare "Nou tout konnen trè byen jan yo tap di gen nesesite pou asire ekspòtasyon sereyal ikrenyen yo pou sipòte peyi ki pi pòv yo. E nou pat kapab pa reponn ak demand sa a. Nou te fè tout sa ki nan pouvwa nou pou asire ke sereyal Ikrenyen yo te ekspòte."

Li ajoute:

"Nou te fè ekspòtasyon sereyal yo 'ansanm ak Latiki. Lè sa a, prèske tout sereyal nou ekspòte soti nan Ikrèn se peyi Inyon Ewopeyen yo al jwenn se pa nan peyi ki pòv yo."

XS
SM
MD
LG