Accessibility links

Breaking News

Claude Joseph: Entèdisyon Pou Pa Antre Sou Téritwa Dominiken an 'Se Yon Onè'


Claude Joseph, primer ministro interino de Haití.
Claude Joseph, primer ministro interino de Haití.

Ansyen minis afè etranjè Ayisyen Claude Joseph reyaji sou Twitter sou desisyon gouvènman Domiken an pran pou li entèdi l antre sou teritwa Dominiken an.

Kòm reaksyon Joseph di pou li menm se "Se Yon Onè ". Nan mesaj li mete sou Twitter, Joseph di: "Prezidan @luisabinader entèdi m rantre an Repiblik dominikèn. Li klase m kòm lènmi nimewo 1 rasis dominiken yo. Se pa yon sanksyon. Se yon onè. Mwen resevwa l nan non papa Desalin, Tousen ak Kristòf. Nap kontinye goumen pou konstwi peyi a nan dimansyon istwa l".

Li te kontinye nan yon lòt tweet poul di ke desisyon sa ki pran kont li a, se akòz batay li ap mennen pou defann Ayiti ak Ayisyen ki ap viv sou tèritwa dominiken. Misye di li opoze pwojè dirijan dominiken yo genyen pou fè 'Ayiti tounen pil fatra a.

Dapre jounal Dominiken Listindiaro.com dekrè gouvènman an pibliye a site non Joseph sou menm lis ak plizyè chef gang - pami yo - Jimmy Cherizier alias Barbecue; Innocent Vitel’Homme, alias Vitelom - Gang Vitelom (Torcelle); Destina Renel alias Ti Lapli - Gang Grand Ravine epi Wilson Joseph Alias Lanmò San Jou, nan baz 400 Mawozo.

XS
SM
MD
LG