Accessibility links

Breaking News

Iran Vle Asirans Etazini ke yon Nouvo Antant Nikleyè pral Kenbe


Ali Bahadori Jahromi
Ali Bahadori Jahromi

Iran di, Madi, nan chita-koze li ak pwisans mondyal yo ki long ak difisil, pou retabli antant nikleyè 2015 la ki te kraze, l ap ensiste pou solisyon sou « 4 kesyon. »

4 pwen yo, ke pòtpawòl gouvènman an te prezante, gen rapò ak asirans Etazini ke yon nouvo antant pwal kenbe, sou soulajman nan sanksyon k ap pini Iran yo, e sou kesyon l-ONU ki ap siveye sit nikleyè Iran yo.

Se sa pòtpawòl gouvènman an, Ali Bahadori-Jahromi, te di nan yon konferans pou laprès kote li te bay pozisyon Prezidan Ebrahim Raisi.

Nan premye pwen an, li di garanti yo dwe reba li asirans, » e li t ap pale sitou de ekzijans Teheran ki vle asirans ke administrasyon ameriken k ap vini yo pa pwal anile antant la ankò, tankou ansyen prezidan Donald Trump te fè an 2018.

Premye antant nikleyè a te pwomèt Iran yon soulajman anba sanksyon ki t ap kraze li, pou li menm ka bay garanti ke li p ap gen yon zam nikleyè, malgre Iran toujou demanti ke li t ap chache gen yon zam konsa.

XS
SM
MD
LG