Accessibility links

Breaking News

Larisi: Anpil Moun te Patisipe Nan Antèman Gorbachev, Putin Li menm Pat Ale


Memorial service for the Soviet Union's last leader Mikhail Gorbachev in Moscow
Memorial service for the Soviet Union's last leader Mikhail Gorbachev in Moscow

Plizyè milye moun nan peyi Larisi te al bay ansyen lidè Inyon Sovyetik Mikhail Gorbachev yon dènye omaj samdi nan yon antèman ofisyèl ki te te fèt nan Larisi, ak absans Prezidan Vladimir Putin.

Mikhail Gorbachev, ki te mouri Madi te antere l nan simityè Novodevichy nan Moskou, bo kote madanm li Raisa, ki te mouri nan ane 1999, te gen yon òkès militè ki te jwe im nasyonal Ris la pandan yo tap antere li dapre sa AFP te di.

Byen bonè nan maten, kadav ansyen lidè a te ekspoze nan House of Trade Unions, yon kote ki anblèmatik nan Moskou se la yo chante fineray anpil gwo zotobre ki mouri nan peyi a, tankou se la antèman Jozèf Stalin te fèt an 1953.

Popilasyon an te vin depoze roz epi bese tèt devan sèkèy Gorbachev ki te louvri an silans.

Li te monte sou pouvwa a an 1985, Gorbachev te fè listwa apre Sovyetik la te kraze nan ane1991, apre li tap eseye fè plizyè refòm demokratik ak ekonomik, e lemond antye rekonesan anvè li paske li te ede mete fen nan Lagè Fwad la.

Pou rapel Putin ki pa ale nan fineray la pa yon sipriz, apre Putin te rann yon vizit Jedi nan lopital kote yo te kenbe kadav Gorbachev la pou'l te depoze flè sou sèkèy li, Pot pawol Kremlen an, Dmitry Peskov di ajenda Putin pap pèmèt li asiste ak fineray la Samdi.

XS
SM
MD
LG