Accessibility links

Breaking News

Macron Deklare Nou Dwe Kontinye Dyalòg Yo ak Putin


Russia Ukraine Talking to Putin
Russia Ukraine Talking to Putin

Prezidan franse Emmanuel Macron defann kontinyasyon dyalòg yo ak Larisi Jedi, li di ke "nou dwe " e sipoze toujou kontinye pale ak tout moun", "sitou ak moun ke nou pa gen menm akò".

Prezidan an te fè deklarasyon sa yo devan anbasadè franse ki te rasanble nan Elysée a, "Ki moun ki vle se selman Latiki ki ap kontinye dyalòg ak Larisi?"

Misye Macron kontinye pou l di "travay yon diplomat se pale ak tout moun e sitou ak moun ou pa dakò" .

"Se konsa, nou pral kontinye dyalòg yo", "nan kowerans ak alye nou yo", e li di ke objektif lagè a se mete "divizyon nan mitan peyi Ewòp yo".

Prezidan fransè a se youn nan ra lidè Ewopeyen ki te pale ak Prezidan Ris Vladimir Putin apre Larisi te anvayi Ikrèn nan dat 24 fevriye.

Elize a te toujou deklare ke li te aji an akò ak Prezidan Vladimir Zelensky.

Dènye fwa Macron te pale nan telefòn ak Putin se depi 19 out, e li te diskite de sitiyasyon an nan plant nikleyè Zaporizhzhia a.

Bò kote pa l, Prezidan Tik la, Recep Tayyip Erdogan, te pran wòl "fasilitatè" ant Moskou ak Kyiv depi kòmansman lagè a, ak akò pou te ede debloke bato sereyal yo ki te bloke nan pò Lanmè Nwa a.

XS
SM
MD
LG