Accessibility links

Breaking News

Gazprom Anonse Sispansyon Livrezon Gaz Atravè Ewòp


FILE PHOTO: Pipes at the landfall facilities of the 'Nord Stream 2' gas pipeline in Lubmin
FILE PHOTO: Pipes at the landfall facilities of the 'Nord Stream 2' gas pipeline in Lubmin

Konpayi Ris Gazprom anonse Mèkredi ke li sispann livrezon gaz li yo nan peyi Ewòp la.

Gaz sa yo te konn itilize tiyo gaz Nord Stream lan, men sispansyon an rive akòz travay antretyen ke yo ap fè nan nan tiyo a. Antretyen sa yo kapab fini nan twa jou.

Kompayi Ris la pibliye yon deklarasyon sou kont Telegram li kote li di yo travay yo " te planifye sou yon estasyon COMPRESSOR gaz kòmanse".

Kompayi gaz Ris la anonse tou sispansyon total livrezon li bay gwoup franse a ki rele Engie akoz pèman yo ki pa fèt jan sa te sipoze fèt.

"Gazprom Export te avèti konpayi franse a Engie de sispansyon konplè nan livrezon gaz a pati de 1 septanm 2022 jouk li resevwa tout kantite lajan yo dwe pou livrezon yo" se sa Gazprom te di nan yo nòt pou laprès ki te pibliye Madi swa sou sit entènèt li yo.

Dapre yon dekrè ke Prezidan Ris Vladimir Putin te siyen nan fen mwa mas la, Gazprom presize ke "li kont la lwa pou li delivre plis gaz natirèl bay kliyan aletranje si achtè a pa fè peman an plen, dapre sa ki nan kontra yo siyen an".

XS
SM
MD
LG