Accessibility links

Breaking News

Nijerya Rejte Demann Etazini Fè Pou Ekstrade yon Ansyen Ofisyèl Lapolis


Abba Kyari
Abba Kyari

Yon tribinal Nijeryen rejte lendi yon demann ekstradisyon yon ansyen gwo otorite nan la polis Nijerya. Dapre Etazini ansyen Polisye sa a enplike nan yon dosye fwod.

Abba Kyari ki te nimewo 2 nan Polis Federal la te jwenn sispansyonl apre non li te site nan dosye kote Ramon Abbas ki se yon enfliyansè Nijeryen, te plede koupab pou patisipasyon nan blanchiman lajan ak lòt krim nan peyi Etazini.

Apre yo te akize Kyari Ozetazini, Pwokirè Jeneral Nijerya ak Minis Jistis la, Abubakar Malami, te depoze yon demann ekstradisyon pou ansyen polisye a nan Tribinal Federal la nan Abuja.

Men, Jij Inyang Ekwo rejte demann lan Lendi. Li di ke Pwokirè Jeneral la ta dwe konnen ke lwa ekstradisyon nan peyi Nijerya "entèdi pou yo ekstrade yon akize ki deja nan jijman devan yon tribinal konpetan nan peyi a."

Pou kounyea ansyen polisye a devan lajitis nan peyi Nijerya pou swadizan lyen ant limenm avek plizyè baron dwòg.

Dapre FBI, aktivite fwod enfliyansè Ramon Abbas tap mennen koute viktim li yo prèske $ 24 milyon.

Dapre sa FBI di nan dokiman tribinal la, Ramon konfese ke li te bay Kyari kòb anba tab pou arestasyon yon ansyen asosye l . Kyari demanti akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG