Pòtpawòl lapolis Imo Michael Abattam te di AFP ke " neg a zam yo te kidnape 4 mè nan Legliz Katolik la."
Mesye Abattam te deklare ke yo te kidnape mè yo dimanch toupre vil Okigwe pandan yo te nan wout pou yo ale lamès.
Li te kontinye poul di "Nou ap swiv endis kidnapè yo nan yon lide pou nou ede libere viktim yo".
Jiska prezan okenn gwoup poko reklame kidnaping sa.
Kidnaping fèt souvan nan peyi Afrik yo, akoz yon kriz ekonomik grav ak krim prèske jeneralize.
Pandan ke gen kèk otaj pafwaki pèdi lavi yo anba men ravisè, men konsa tou pifò nan yo jwenn liberasyon yo apre yon pwòch yo fin peye yon ranson.