Accessibility links

Breaking News

Alberto Fernandez Mete Tèt li nan Gwo Pwoblèm ak Opozisyon An


ARGENTINA-ECONOMY/MINISTER
ARGENTINA-ECONOMY/MINISTER

Enfòmasyon ki soti nan peyi Ajantinn fè konnen prezidan Alberto Fernandez mete tèt li nan gwo pwoblèm ak opozisyon ki fas li a lòske swete ke jij kap memen ankèt pou detèmine si vis prezidan Cristina Fernandez Kirchner pa touye tet li lakòz de gwo presyon ki plane sou do li.

Deklarasyon sa ki pat fè manm opozisyon yo plezi di tou touche ka yon lòt jij ki te pèdi la vi-l pandan l tap memen yon ankèt koripsyon soun vis presidan Kirchner.

Gen moun ki panse ke jij la te rive touye tèt li.

Manm opozisyon an deklare ke pawòl presidan Fernandez la se yon menas direk sou lavi jij kap ankete sou ka koripsyon kont vis presidan Kirchner a. Gen ladan yo ki ale pi lwen pou deklare ke yo pral memen dosye a devan lajistis peyi Ajatinn.

Bò kote pa l prezidan Alberto fernandez voye jete akizasyon sa yo kòm kwa li te menase la vi jij la.

De preferans li deklare ke manm opozisyon yo pa genyen okenn prèv pou akizel de memas piblik kont jij kap memen dosye koripsyon a sou vis presidan Kirchner.

XS
SM
MD
LG