Accessibility links

Breaking News

Bolsonaro Akeyi Kè Anpre a pou Bisantnè Brezil


Yon ofisye milite Potige pote yon relik ki gen ladann ke ansyen Anpre Brezil la, Dom Pedro I, pandan yon seremoni milite nan Brasilia, Brezil, Madi 23 Out, 2022.
Yon ofisye milite Potige pote yon relik ki gen ladann ke ansyen Anpre Brezil la, Dom Pedro I, pandan yon seremoni milite nan Brasilia, Brezil, Madi 23 Out, 2022.

SAO PAULO (AP) — Peyi Brezil, ki pral fete 100 lane endepandans li, resevwa Momi Kè Anperè ki te deklare nasyon Sid Ameriken an endepandan pou sa sa ba li onè li merite kòm chèf Leta peyi a.

Kè Pedro a debake nan yon relik an Or nan yon avyon fòs ayryen brezilyen ki sòti nan peyi Portugal.

Yo monte ak li sou ranp palè prezidansyèl la nan Brasilia nan Madi – jan pwotokòl la ekzije sa pou tout dirjan ki vini nan peyi a nan kad vizit ofisyèl.

Pedro Ie deklare endepandans Brezil 7 septanm 1822; yo kenbe sistèm monachi jiska 1889, lè yo pase sou fòm repiblik.

XS
SM
MD
LG