Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Neg ak Zam Pran yon Pasyan nan Yon Lopital epi "Egzekite" li


HAITI-WEATHER-HURRICANE MATTHEW-AFTERMATH
HAITI-WEATHER-HURRICANE MATTHEW-AFTERMATH

ONG Médecins Sans Frontières (MSF) te di AFP Jedi ke yo gen anpil kè sote apre plizyè neg ame te rantre nan yon lopital nan andeyò kapital peyi a Pòtoprens epi yo pran yon pasyan apre yo egzekite nan deyò lopital la.

Dapre òganizasyon an zak sila te fèt dimanch nan lopital Raoul Pierre Louis, nan Kafou.

MSF te di : "Nan sal ijans lopital sa ki ke Médecins Sans Frontières bay konkou li mesye sa yo ame ak zam te pwan yon pasyan e yo egzekite nan rantre lopital la."

Pa gen okenn detay sou idantite mesye ame yo ni pasyan an. AFP te kontakte polis nasyonal la.

Alexandre Michel, responsab kominikasyon òganizasyon an di: "Se premye fwa ke nou anrejistre yon ensidan konsa, ke mesye ame te antre pran yon pasyan nan sant nou yo pou fè yon zak konsa."

Misye Michel te raple ke yon moun te fèk te tire ak touye yon moun toupre youn nan enstalasyon ONG yo ki pa lwen Site Solèy, vil ki pi defavorize nan zòn metwopolitèn Pòtoprens, sa ki te lakòz yo te fèmen tanporèman.

Li kontinye pou l di "Nou mande respè pou misyon medikal nou yo, pou blese yo, pou anplwaye medikal yo, pou estrikti resepsyon yo oswa menm pou anbilans ki transpòte blese yo".

"Si yon lòt ensidan ki sanble ak sa ki te pase 14 Out rive ankò, nou pral oblije fèmen sant sa a tanporèman pou nou evalye sitiyasyon an," li te ajoute.

Nan mwa jen 2021, yon lopital Médecins Sans Frontières nan Matisanyon zòn kote gang yo ap kale kò anpil kout zam tap chante. 2 mwa apre, òganizasyon an te anonse fèmti lopital sa a apre 15 ane sèvis akòz ensekirite.

Ayiti gen plizyè ane nan yon kriz politik e asasina Prezidan Jovenel Moïse an 2021 te agrave sityasyon an.

XS
SM
MD
LG