Accessibility links

Breaking News

Kanpay pou Eleksyon Prezidansyèl Brezil Ouvè Ofisyèlman


Brasil eleiçōes - Lula da Silva (esq.) e Jair Bolsonaro (dir.)
Brasil eleiçōes - Lula da Silva (esq.) e Jair Bolsonaro (dir.)

Kanpay pou eleksyon prezidansyèl Brezil ouvè ofisyèlman, kote ansyen prezidan Luiz Inacio Da Silva ap mennen nan tout sondaj-yo kont prezidan ki sou pouvwa-a Jair Bolsonaro pandan gen kè-sote sou vyolans politik ak menas kont demokrasi.

Da Silva, ki te fè 2 manda kòm prezidan, soti an 2003 pou rive 2010, mache ak yon gillet pare-balles sou li kèlkeswa kote l-ap prezante devan piblik. Li te sou pwogram pou-l pale madi nan yon faktori motè, men ajan lapolis federal te mande-l pou anile aktivite-a akoz kè-sote pou sekirite-l, dapre ekip kanpay-li.

Olye de sa, kandida gochis-la ap lanse 7èm kanpay-li pou prezidan nan yon izin Volskwagen nan Sao Bernardo do Campo, yon vil faktori toupre Sao Paulo kote li te pran repitasyon-l kòm yon chef sendika nan ane 1970-yo.

Bolsonaro te revizite Juiz de Fora kote li te resevwa kout kouto nan men yon nèg ki pa byen nan tèt pandan li t-ap mennen kanpay an 2018. Li te rive sou motosiklèt antoure

ak gad sekirite e ak yon jilè parbal sou li, kontrèman ak an 2018 lè-l te antre nan foul-la san pwoteksyon.

XS
SM
MD
LG