Accessibility links

Breaking News

Liz Cheney, Advèsè Donald Trump nan Kongrè-a, Pèdi nan Eleksyon Primè Repibliken Yo


Liz Cheney
Liz Cheney

Depite eta Wyoming Liz Cheney, advèsè pi sevè Donald Trump nan Kongrè-a, pèdi nan yon kous eleksyon primè Repibliken ayè madi-a, kote li tonbe devan yon rival ke ansyen prezidan-an apiye nan yon defèt ki ranfòse kontwòl Trump sou baz pati-a.

Depite-a ki fè 3 manda, ansanm ak alye-li-yo te tanmen jounen-an ak yon enpresyon sonm sou chans-li, pandan yo te konnen ke sipò Trump-la te bay Harriet Hageman yon bèl pouse nan eta ke li te ranpòte ak plis vwa-a nan vòt 2020-an.

Cheney te deja fikse je-l sou yon avni politik apre Capitol Hill ki ta gen ladann yon kous prezidansyèl an 2024, e petèt mete-l nan yon lòt kolizyon ak Trump.

XS
SM
MD
LG