Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Afrik di Sid Thandi Modise nan Peyi Larisi


Perezida w'Afurika y'Epfo Cyril Ramaphosa na Thandi Modise wahoze ari Perezida w'inteko y'Abadepite
Perezida w'Afurika y'Epfo Cyril Ramaphosa na Thandi Modise wahoze ari Perezida w'inteko y'Abadepite

Minis Defans Afrik di Sid Thandi Modise rive nan LaRisi pou yon konferans ke Moskou òganize sou sekirite entènasyonal. Vizit-la fèt pandan LaRisi gen yon envazyon k-ap kontinye nan Ikrèn e pandan fòs ris-yo okipe pi gran izin nikleyè sou kontinan Ewòp-la. Li fèt tou sèlman kèk jou apre Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken te vizite Afrik di Sid pou chache jwenn plis sipò Afrik-la kont envazyon LaRisi-a.

Malgre Afrik di Sid fè konnen plizyè fwa ke li neut, li pa ni pou youn ni pou lòt nan lagè LaRisi-Ikrèn-nan, plizyè analis di prezans Modise nan 10èm konferans Moskou sou Sekirite Entènasyonal-la moutre ke peyi-a kanpe bò kote LaRisi.

“Nou pa wè okenn kondanasyon LaRisi, malgré gè-a lakoz anpil pwoblèm machandiz ak sèvis nan Afrik di Sid, dapre Ralph Mathekga, yon analis politik nan Sèvis Ransèyman Jeyopolitik.

XS
SM
MD
LG