Accessibility links

Breaking News

Yon 2èm Ponpye Mouri Kiba


CUBA-FIRE-OIL DEPOT
CUBA-FIRE-OIL DEPOT

Yon 2èm ponpye mouri nan Kiba, kote ekip sekou yo metrize yon kokenn eksplozyon ki te tanmen semèn pase a nan yon depo petwòl kle pou peyi a pandan gen yon kriz enèji k ap vin pi grav.

Ponpye a ki gen 42 lane e ke yo idantifye kòm Elier Correa, te entène lopital nan yon eta grav, dapre sa Cubadebate rapòte jedi. 14 lòt ponpye disparèt apre yon kout zeklè, vandredi a, te deklannche dife a, ki blese 130 moun e detwi 4 sou 8 tank nan enstalasyon an.

Eksplozyon an te fòse otorite yo evakye plis pase 4-mil-900 moun epi fèmen tanporèman yon izin elektrik apre li te pran pàn dlo, kote se Meksik, Venezuela ak Bolivi ki te voye èd.

XS
SM
MD
LG