Accessibility links

Breaking News

Kiba: Gwo Nyaj Lafimen Nan Pi Gran Depo Gaz peyi a


APTOPIX CUBA-INCENDIO
APTOPIX CUBA-INCENDIO

Gwo nyaj lafimen te moute mèkredi soti nan pi gran depo gaz ke Kiba gen nan Matanzas pandan ponpye, elikoptè ak bato te vide dlo ak pwodui chimik sou restan pi gwo dife ki te pran nan istwa peyi a.

Chabon nwa ki kouvri ak sann blan te rete wouj e cho apre flanm dife yo te fin mouri. Nouvèl yo konfime gen yon ponpye ki mouri, ak 14 lòt ke yo pa jwenn depi dife a te pete samdi a, dapre otorite yo.

XS
SM
MD
LG