Accessibility links

Breaking News

Kiba: Yon Dife nan yon Gwo depo Petwòl Gaye Plis Toujou


Helicopters hauling water fly over the Matanzas Supertanker Base, as firefighters and specialists work to quell the blaze which began during a thunderstorm, in Matanzas, Cuba, Aug. 8, 2022.
Helicopters hauling water fly over the Matanzas Supertanker Base, as firefighters and specialists work to quell the blaze which began during a thunderstorm, in Matanzas, Cuba, Aug. 8, 2022.

Yon dife ki touye moun nan yon gwo depo petwòl nan lwès Kiba gaye plis toujou lendi, e li menase pou li plonje peyi a nan yon kriz enèji ki pi grav pandan l ap fòse otorite yo fèmen yon izin elektrik enpòtan nan peyi a.

Flanm dife te vlope nan douvanjou maten an yon 3èm tank ke ponpye te chache refwadi pandan y ap goumen ak yon kokenn dife nan pwovens Matanza nan lwès peyi a, ki te tanmen sèlman kèk jou apre gouvènman an te anonse blakawout ke li te pwograme pou kapital la La Avàn.

Yon moun mouri pou pi piti e 125 lòt blese, e nouvèl yo fè konnen 14 lòt disparèt depi lè kout zeklè te frape depo-a ki gen 8 tank, samdi a e lakoz dife pete plizyè kote nan enstalasyon an.

XS
SM
MD
LG