Accessibility links

Breaking News

Perou: Lapolis Anvayi Palè Prezidansyèl Ansanb ak Kay Prezidan an


In this screen grab obtained from a handout video released by Canal N Police raid the private home of Peru's President Pedro Castillo on August 10, 2022, in Chugur, Peru. - Police on Wednesday raided the private home of Peruvian President Pedro Castillo,
In this screen grab obtained from a handout video released by Canal N Police raid the private home of Peru's President Pedro Castillo on August 10, 2022, in Chugur, Peru. - Police on Wednesday raided the private home of Peruvian President Pedro Castillo,

Bèl sè prezidan Pewouvyen an Pedro Castillo, Yenifer Paredes, rann tét li bay lajistis nan Mèkredi, apre lapolis te dekake nan palè Prezidansyèl ak prezidan an ke yo te ap chéche dapre sa avoka li te rapòte.

Avoka Paredes, José Dionisio te konfime nan radyo lokal RPP sa ki te pase yo e li te di "Nou anndan biwo lajistis la" e li ajoute ke arive Madam Paredes, nan biwo pou swadizan koripsyon se te yon gwo sipriz pou pwosekitè yo.

Kèk èdtan anvan, lapolis te fouye kay prive Mesye Castillo nan Chugur (nò) kote yo te al chèche bèl sè Yenifer Paredes, on jou apre ke yot te fouye palè prezidansyèl la nan Lima.

Prezidan Pewouvyen pou kont pa li fé sijè a 5 envestigasyon, an patikilye pou koripsyon, men dosye pa li yo diferan de sa ki enplike Paredes la.

Madi, Kou Siperyè Jistis la te otorize demann pwokirè a pou lapolis a fé yon rechèch nan palè prezidansyèl la paske Madam Paredes, konsidere Misye Castillo ak madanm li kòm "paran" li.


Yenifer Paredes te deja konvoke pou temwaye devan pwokirè piblik la epi parèt devan yon komisyon kontwòl nan Palman Perouvyen an nan mitan mwa Jiyè.

Prezidan Castillo, ki sou pouvwa a depi 1 an, te deklare ke "fouy la ilegal".

XS
SM
MD
LG