Accessibility links

Breaking News

Serena Williams Ap Pare Retrèt li


Foto Achiv: Serena Williams voye yon kout pous pandan li kenbe twofe li apre li kale se li Venus pou ranpote chanpyona Wimbledon nan, Samdi 5 Jiye, 2005.
Foto Achiv: Serena Williams voye yon kout pous pandan li kenbe twofe li apre li kale se li Venus pou ranpote chanpyona Wimbledon nan, Samdi 5 Jiye, 2005.

Chanpyon tenis Ameriken Serena Williams fe konnen li pare pou'l sispann jwe tenis apre li ranpote 23 chanpyona Gran Chelem. Li di li pral konsantre sou fè yon lot pitit epi biznis li yo.

"Map gen 41 an mwa sa a e fok mwen kite yon bagay tonbe," Williams ekri nan yon atik ke magazin Vogue pibliye Madi.

Williams di li pa renmen mo retrèt la e li prefere wè li tankou yon nouvo etap lavi kote lap "evolye nan yon direksyon kap ekate li ak tenis, epi rapwoche li ak lot bagay ki gen enpotans pou li."

Williams ap jwe semèn sa a nan Toronto, nan yon tounwa ki ap dewoule yon ti tan anvan US Open nan.

Open sa a se dènye Gran Chelèm tenis la e lap tanmen nan Nouyok 29 Out.

XS
SM
MD
LG