Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Fòs Ris yo Pran Kontwòl 2èm pi Gwo Izin Elektrik nan Peyi a


Russia-backed separatist drive a convoy of armored vehicles in Vuhlehirsk, near Debaltseve, Ukraine, Sunday, Feb. 22, 2015.

Yon otorite nan Ikrèn fè konnen mèkredi fòs ris yo pran kontwòl 2èm pi gwo izin elektrik nan peyi a e ap redeplwaye anpil twoup nan 3 rejyon nan sid Ikrèn.

Oleksiy Arestovych, yon konseye pou prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy, konfime ke Ris yo pran kontwòl izin nikleyè Vuhlehirsk nan rejyon Donetsk nan lès peyi a. Men Arestovych di devlopman sa a sete yon "ti avantaj taktik tou piti" pou Ris yo.

Li di LaRisi ap redeplwaye fòs nan zòn Melitopol, Zaporizhzhia ak Kherson nan kad sa ki sanble yon chanjman nan efò defans estratejik yo.

Ministè defans Grand Bretay di jodi jedi a fòs Ikrèn yo t ap rasanble detèminasyon yo lè yo te atake Kherson, yon zòn ke LaRisi okipe depi nan koumansman envazyon ke li te lanse nan finisman mwa Fevriye.

XS
SM
MD
LG