Accessibility links

Breaking News

Achevèk Pòtoprens la Denonse Dife Nèg Ame Mete nan Ansyen Katedral la


Foto Achiv: TImoun mache nan lari devan Katedral Potoprens la nan peyi d'Ayiti.
Foto Achiv: TImoun mache nan lari devan Katedral Potoprens la nan peyi d'Ayiti.

Achevèk Pòtoprens la, Marc Henry Siméon, pibliye yon deklarasyon kote li denonse dife "kiminèl" ki pran nan Katedral Pòtoprens la pandan yon batay ant 2 gang rival mèkredi. Achevèk la di nan yon nòt pou laprès klèje a te remake flanm dife vè 10 zè di maten e yo te kontakte tou swit otorite yo ki rele lapolis ak ponpye yo.

Dapre Achevèk la, batay fewòs ki t ap dewoule ant gang yo te anpeche ponpye yo kòmanse travay pou touye dife a lè yo te fèk rive sou sèn nan e yo te oblije fè 2 tantativ anvan yo te resi etenn dife a.

Nòt la fè konnen flanm dife yo boule kèk ban, yon pati nan plafon an ak planche a. Acheveche Pòtoprens la remèsye manifestan ki te nan zòn nan, lapolis ak ponpye ki te pote responsab yo sekou. Achevèk la deklare:

"N ap tann otorite yo mennen yon ankèt serye epi pini moun ki responsab pou dife a."

Marc Henry Siméon fini pa di l ap priye pou lapè nan Peyi d'Ayiti.

Jounalis VOA Kreyòl Jaudelet Junior Saint-Vil kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG