Accessibility links

Breaking News

Kout Zam Marye nan Pòtoprens nan Moman Lagè Gang yo Entansifye


Ayiti: Zam Marye Toupre Katye Jeneral Lame Dayiti ak Palè Nasyonal
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:08 0:00

Ayiti: Zam Marye Toupre Katye Jeneral Lame Dayiti ak Palè Nasyonal

Te gen gwo kout zam anba lavil Pòtoprens, bo kote katye jeneral Lame d'Ayiti ak Palè Nasyonal la nan moman nèg ak zam otorite yo sispèk se manm gang te mele nan batay.

Dapre nouvèl yo prezime gang yo mete dife nan katedral la.

Kout zam yo tire ak kèk blok ak Penitansye Nasyonal Ayiti a tou, kote prizonye yo te eseye oganize yon revolt akoz yo te krenn pou gang yo pa vize yo.


"Pat gen ni revolt ni envazyon," Komisè Gouvènman an Jacques Lafontant di Associated Press."Ekipman yo fèb, yo manke resous pou goumen, donk sa taka pran kèk jou."

Sou rezo sosyal yo, nèg ki idantifye tèt yo tankou manm gang G9 la filme yon moun yo te swadizan touye pandan bagay la e yo depoze plizyè zam sou kadav li ki te toutouni.

Gen omwens yon moun ki mouri nan zak vyolans ki dewoule anba lavil yo. Inivèsite Leta Ayisyen an pibliye yon deklarasyon kote li anonse lap sispann klas yo. "Nan mwenske yon semèn, plizyè katouch ateri nan lakou nou ansanm ak sal klas yo," Inivèsite a fè konnen.

Nasyonzini lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou'l ede Polis Nasyonal Ayiti konbat krim ak zak vyolans yo.

Etazini di li pral kontinye oganize fomasyon pou polisye yo epi voye resous tou.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG