Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Fè Konnen Frap Lame Ris la Touche Kek Rejyon Ki nan Rejyon Lanmè Nwa a


Firefighters work in a residential area damaged by a Russian missile strike in the settlement of Zatoka, Odesa region, Ukraine July 26, 2022, in this photo provided by the State Emergency Service of Ukraine.
Firefighters work in a residential area damaged by a Russian missile strike in the settlement of Zatoka, Odesa region, Ukraine July 26, 2022, in this photo provided by the State Emergency Service of Ukraine.

Nan Ikrèn, lame fè konnen misil Larisi lanse, nan jounen madi a, al frape kèk rejyon sou tèritwa ikrenyen an ki bay sou Lanmè Nwa a. Atak sa yo frape divès objektif, pami yo gen yon rejyon nan Odesa ak enstalasyon ki nan pò vil Mykolaiv. Nouvo frap sa yo rive kèk jou apre yon atak ak misil ris sou Odesa te soulve kesyon sou yon akò Larisi siyen pou l pèmèt ekspòtasyon sereyal sòti nan Odesa ak 2 lòt pò nan Ikrèn.

Pandansetan, minis defans britanik la fè konnen madi ke fòs militè ris yo byen kapab konsidere misil anti-bato kòm yon menas esansyèl e yon menas ki anpeche yo lanse yon tantativ pou yo sezi Odesa; pou sa, yo te ka itilize flòt yo genyen nan Lanmè Nwa a. Ministè britanik la deklare:

“Larisi pral kontinye kenbe priyorite a sou efò pou l degrade epi detui kapasite anti-bato Ikrèn. Sepandan, pwosesis Larisi genyen pou l vize objektif ki nan Ikrèn pral fè fas ak gwo difikilte akoz enfòmasyon sekrè ki date, move planifikasyon mete sou yon apwòch operasyon kote otorite yo favorize wo grade yo sou ti anplwaye yo nan priz desizyon yo...”

Oganizasyon Nasyonzini te fè konnen ke ekspòtasyon sereyal ikrenyen yo ta dwe rekòmanse nan kèk jou.

XS
SM
MD
LG