Accessibility links

Breaking News

LaRisi ap Kite Estasyon Espasyal Entènasyonal la an 2024


ISS photographed by Expedition 56 crew members from a Soyuz spacecraft after undocking
ISS photographed by Expedition 56 crew members from a Soyuz spacecraft after undocking

LaRisi ap kite Estasyon Espasyal Entènasyonal la apre 2024 e santre atansyon l sou konstriksyon pòs obsèvasyon pa li nan òbit latè, dapre sa nouvo chef pwogram espasyal peyi a di madi, pandan gen tansyon ant Moskou ak loksidan akoz batay k ap dewoule nan Ikrèn nan.

Youri Boritsov, ki jwenn nominasyon l mwa sa a, pou dirije ajans espasyal leta a Roscosmos, te di nan yon reyinyon ak Prezidan Vladimir Putin ke LaRisi ap fin akonpli obligasyon li ak patnèship li yo anvan li wete kò l nan estasyon espasyal entènasyonal la.

La NASA ak lòt patnè entènasyonal espere kenbe estasyon an nan sèvis jiska 2030, pandan Ris yo ap renka kò yo pou yo pa pran angajman ki depase 2024. La NASA pa pran okenn angajman touswit.

Estasyon espasyal la ap mache gras ak ajans espasyal LaRisi, Etazini, Ewòp, Japon ak Kanada. Premye moso a te pran pozisyon nan òbit an 1998, e pòs sa a gen moun ladann depi preske 22 lane. Li sèvi antwòt pou fè rechèch syantifik sou anviwònman ki pa gen pezantè. Li konn gen 7 manm ekipaj. Kounyea se 3 Ris, 3 Ameriken ak yon Italyen ki abò li.

XS
SM
MD
LG