Accessibility links

Breaking News

RDC: Manifestasyon Kont Misyon Nasyonzini nan Goma


Policier atombli mosapo na batamboli bazali kopesa mpiko na mampinga ma ekolo, Goma, Nord-Kivu, 15 juin 2022.
Policier atombli mosapo na batamboli bazali kopesa mpiko na mampinga ma ekolo, Goma, Nord-Kivu, 15 juin 2022.

Manifestan yo piye plizyè biwo misyon Nasyonzini an (Monusco) nan vil Goma nan Repiblik Demokratik Kongo, akoz yo te fache de prezans misyon an nan peyi a. Manifestasyon yo te kòmanse 10 jou apre prezidan Sena a te lanse yon apèl pou mande fos mentyen lapè a kite peyi a.

Apre yo fin barikade plizyè ri prensipal nan Goma, plizyè santèn manifestan te divize an 2 gwoup epi antre nan biwo katye jeneral lokal misyon Nasyonzini an ansanm ak baz lojistik yo ki andeyò sant vil la.

Manifestan yo ki fache, te boule kawotchou devan pòtay biwo a epi yo te kraze miray kloti a, dapre sa korespondan AFP ki te sou plas te konstate.

Ajan Monusco ki te prezan nan biwo a kouri kite espas la nan 2 elikoptè.

Lapolis Nasyonzini yo te itilize gaz lakrimojèn pou dispèse manifestan yo anvan entèvansyon sòlda Fòs Lame RDC yo.

Fòs sekirite Kongo yo te arete plizyè manifestan.

15 jiyè nan Goma, Prezidan Sena Kongolè a Modeste Bahati te mande, pandan yon reyinyon pou Misyon Nasyonzini kite peyi a. Li di apre 22 ane yo finn pase nan peyi a yo pa rive reyalize objektif yo ki se te mete lapè nan pati lès peyi a, ki destabilize depi prèske 3 deseni.

Monusco se pi gwo misyon Nasyonzini an nan mond lan ak omwen 14,000 militè kas ble.

XS
SM
MD
LG