Ann Ayiti, nan okazyon enstalasyon nouvo Premye Minis la, Laurent Salvador Lamothe, ak manm nouvèl ekip gouvènmantal la, Prezidan Michel Martelly ak tout chèf gouvènman-an ensiste pou di pèp la pa ka tann e minis yo dwe pale mwens e aji plis pou chanje kondisyon lavi moun nan peyi a.
Nan okazyon an, reprezantan kominote entènasyonal la ki te prezan nan seremoni an fè konnen yo apresye le fèt ke Ayiti genyen yon nouvo gouvènman jounen jodi a; yo swete peyi a va jwenn establite li bezwen pou devlopman li, paske se yon kondisyon nesesè pou li atire envestisè e fè pwogrè.
Nan menm jounen mèkredi a, nouvo gouvènman an ò̈ganize premye rankont kabinè ministeyèl la -ki rele "Le Conseil des Ministres"- e yon pati nan rankont sa a te pase an dirèk sou Televizyon Nasyonal ak lòt medya nan kapital la.