Accessibility links

Breaking News

Vizit Nouvo Prezidan Fransè a, François Hollande, nan Peyi Lalmay


Chanselye Angela Merkel ap resevwa Prezidan fransè a, François Hollande, nan chansèlri a nan Bèlen - 15 me 2012.
Chanselye Angela Merkel ap resevwa Prezidan fransè a, François Hollande, nan chansèlri a nan Bèlen - 15 me 2012.
Prezidan ki fèk monte sou pouvwa a an Frans, François Hollande, ak Chanselye peyi Lalmay la, Angela Merkel, fè konnen yo dispoze travay ansanm sou pwopozisyon ki la pou ankouraje kwasans ekonomik sou kontinan ewopeyen an epi anpeche Ewo a tonbe nan kriz. Nap raple misye Hollande te pran avyon pou Lalmay madi 15 me 2012 la imedyatman aprè li te fin prete sèman kòm nouvo chèf deta fransè. Nan yon konferans pou laprès tou kout li bay ak Madam Merkel, Misye Hollande deklare li ta renmen montre amitye ki egziste ant 2 peyi yo, se yon amitye ki pa janm febli.

Bò kote pa l, chèf gouvènman alman an, Angela Merkel, fè konnen li genyen gwo espwa 2 peyi yo pral rive jwenn solisyon pou pwoblèm ki poze sou kontinan an, paske yo tou lè 2 vle wè devlopman ekonomik ann Ewòp. 2 lidè yo ap swiv de prè evennman kap dewoule nan Lagrès, yon peyi ki genyen pou òganize nouvo eleksyon mwa pwochen an aprè òm politik li yo pat rive fòme yon gouvènman kowalisyon. Madam Merkel di –nap site:

“Nou dispoze fè tout sa nou kapab pou n ede Lagrès sou plan strikturèl la, pou nou ede l gen kwasans ekonomik, ede l òganize ekonomi li. Mwen panse Prezidan Hollande avèk mwen, nou tou lè 2 dakò pou n di Lagrès fè pati Inyon Ewòp la, li se manm Ewo-Group la, e nou vle fè piblisite pou le fèt ke li se manm fanmi an.”
XS
SM
MD
LG