Accessibility links

Breaking News

Wickremesinghe Pase nan Eleksyon kòm Nouvo Lidè Peyi


FILE PHOTO: Wickremesinghe sworn-in as Sri Lankan prime minister
FILE PHOTO: Wickremesinghe sworn-in as Sri Lankan prime minister

Nan Sri Lanka, prezidan pwovizwa Ranil Wickremesinghe pase nan eleksyon kòm nouvo lidè peyi a apre dechoukaj ansyen Prezidan Gotabaya Rajapaksa nan yon revòlt popilè.

Men moute li nan tèt peyi a ka chofe kòlè pèp la pi rèd nan yon peyi kote manifestasyon popilè te vize li, e manifestan yo ka wè ke li pa reprezante chanjman politik ke pèp la reklame a.

Wickremesinghe resevwa jodi mèkredi a 134 vwa nan yon palman ki gen 225 manm, kidonk li byen lwen devan rival ki pi pre li, Dullas Alahapperuma, ki ranpòte 82 vwa.

"Kounyea eleksyon fini, fòk nou mete fen nan divizyon saa," se Wickremesinghe ki pale konsa nan diskou pou li aksepte viktwa li nan palman an. Li ekzòte palmantè yo "pou yo mete tèt ak li pou yo travay ansanm e wete peyi a nan kriz n ap konfwonte a."

Wickremesinghe, ki premye-minis 6 fwa, men ki pa janm fini okenn manda, soti nan yon fanmi ki fon nan politik e li dèyè prezidan lontan malgre li te kandida 2 fwa e pa te pase.

XS
SM
MD
LG