Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Gouvènè rejyon Mykolaiv Ofri $100 Pou Switwayen ki Denonse Moun Kap Kolabore ak Ris yo


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Gouvènè nan rejyon Mykolaiv, nan sid peyi Ikrèn anonse Madi ke yap bay $100 pou tout sitwayen otorite yo idantifye kom moun kap kolabore ak Larisi nan Ikrèn.

Nan yon deklarasyon sou kont Telegram li, Gouvènè Vitali Kim envite tout sitwayen pou bay enfòmasyon sou tout "moun ki kap bay ris yo enfòmasyon sou kote twoup Ikrenyen yo deplwaye" oswa ede yo etabli kowòdone sib potansyèl ke ris yo ap bonbade.

"Apre yon bon verifikasyon ak konfimasyon enfòmasyon on sitwayen bay, ou pral resevwa $100".

Gouvènè a endike tou ke li planifye "fèmen" vil la pou kèk jou pou netralize trèt ak kolaboratè Ris.

Deklarasyon sa yo rive nan yon moman kote Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky ranvwaye chèf sèvis espesyal yo ak pwosekitè jeneral la, apre li akize yo dèske yo pa fè ase efò pou batay kont ris yo.

XS
SM
MD
LG