Accessibility links

Breaking News

An Frans, Selebrasyon Fèt Labastiy la Retounen


French elite acrobatic flying team "Patrouille de France" (PAF) release smoke in the colours of the French flag as they perform a fly-over during the Bastille Day military parade on the Champs-Elysees avenue in Paris, July 14, 2022.
French elite acrobatic flying team "Patrouille de France" (PAF) release smoke in the colours of the French flag as they perform a fly-over during the Bastille Day military parade on the Champs-Elysees avenue in Paris, July 14, 2022.

Lafrans selebere Jou La Bastille la jedi 14 jiyè, ki se fèt nasyonal peyi a. Nan okazyon an, plizyè milye sòlda defile nan yon parad ki dewoule nan lari kapital la, Pari, parad ki te gen ladan l avyon ki t ap vole nan syèl la, plis selebrasyon ki fèt toupatou nan peyi a. Evennman an te ranvwaye ane pase a akoz pandemi KOVID-19 la.

2 nan cheval ki t ap patisipe nan parad la t ap frape ansanm sou Chan Elize a, sa ki te deranje inifòm chevalye ki te tou yo 2 a; sepandan, an gwo, evennman jounen an dewoule daprè plan pwogram nan e seremoni an sanble tèt koupe ak jan yo te konn selebre Fèt Labastille nan lepase.

Yon sòlda fransè menm jwenn mwayan itilize okazyon an pou l mande fiyanse li marye: li te mete ajenou devan manmzèl, li bo men li epi li mande: “Eske ou vle marye avèk mwen?”

N ap di tou, nan parad Pari a ane sa a, kantite moun ki te rasanble pou gade defile a te limite pa rapò ak ane anvan yo. Chak moun ki te prezan te gen pou prezante yon pas espesyal ki montre yo vaksinen totalman (sa vle di, yo pran omwen 2 doz), oubyen yo te malad ak KOVID-19, men yo refè; oubyen ankò yo te dwe prezante prèv ki montre yo teste negatif. Se menm kondisyon sa yo otorite yo te poze pou moun ki te vle al asiste fedatifis ki dewoule anba Tour Effeil la nan sware mèkredi a.

XS
SM
MD
LG