Accessibility links

Breaking News

Etazini Mete Fen nan Espwa Meksik te Genyen pou'l al nan Mondyal la


Match Etazini Meksik la nan Gwoup A Chanpyona feminen CONCACAF la nan Monterrey, Meksik, 11 Jiye, 2022.
Match Etazini Meksik la nan Gwoup A Chanpyona feminen CONCACAF la nan Monterrey, Meksik, 11 Jiye, 2022.

Kristie Mewis choute yon gol nan 89em minit la kont Meksik pou ede ekip nasyonal feminen Etazini an ranpòte la viktwa 1-0 sou Meksik nan match final Gwoup A chanpyona CONCACAF la, kap dewoule nan peyi Meksik.

Etazini fini nimewo 1 nan gwoup A ak 9 pwen (3-0-0). Jamayik fini dezyem apre viktwa 4-0 li ranpòte sou Ayiti (2-1-0, 6 pwen) epi Ayiti fini 3em (1-2-0, 3 pwen). Meksik (0-3-0,0 pwen) fini nan ke kamyonet la e li elimine nan konpetisyon pou plas nan Mondyal feminen 2023 a.

Nan semifinal yo jodi Jedi a, Etazini pral fe fas ak Costa Rica, tandiske La Jamayik pral jwe kont Canada. Final la fikse pou 18 jiye.

4 semifinalis yo ap jwenn tike pou mondyal la ane pwochen nan peyi Ostrali ak Nouvel Zeland, tandiske ekip ki fini 3em yo: Ayiti ak Panama pral twoke konn yo nan final enter-konfederasyon yo. Ekip ki genyen pral jwenn tike pou Mondyal la.

XS
SM
MD
LG