Accessibility links

Breaking News

CONCACAF: Mogran Choute 2 Gol, Medam Ameriken yo Bat Ayiti 3-0


Jwez Ameriken Alex Morgan pandan yon match CONCACAF kont Ayiti nan Monterrey, Meksik, Lendi 4 Jiye 2022.
Jwez Ameriken Alex Morgan pandan yon match CONCACAF kont Ayiti nan Monterrey, Meksik, Lendi 4 Jiye 2022.

Alex Mogran choute 2 gol nan premye mitan an pou pemet ekip nasyonal feminen Etazini bat Ayiti 3-0 Lendi nan ouveti chanpyona CONCACAF la.

Tounwa a va detemine ki 4 ekip rejyonal ki va jwenn tike pou Mondyal Feminen 2023 a, ke Ostrali ak Nouvel Zeland pral oganize.

Ayiti te gen opotinite choute yon gol sou penalite nan 42em minit la men tantativ Roselord Borgella a te echwe. Apre sa Borgella te pran yon kat wouj nan 45em minit la - men apre abit yo revize videyo match la yo te reprann kat wouj la e ba li yon kat jon pito.

Midge Purce choute pou Etazini tou. Ekip Ameriken an ranpote 2 denye Mondyal yo.

Gen 8 ekip ki separe an 2 bwoup pou chanpyona a. 2 ekip nan 2 gwoup yo ki gen pi bon palmares va jwenn tike pou Mondyal la. Ekip ki fini 3em yo va avanse nan yon semifinal entekontinantal ant 10 ekip.

Ekip ki genyen chanpyona a va ranpote tike pou Jezolenpik 2024 yo tou.

Ayiti poko janm kalifye pou ni yon Mondyal ni yon Jezolenpik. Met sou Etazini ak Ayiti, gwoup la gen ladann Jamayik ak Meksik.

Kanada, Kosta Rika, Panama ak Trinidad e Tobago fome lot gwoup la.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG