Accessibility links

Breaking News

Boris Johnson ap Bat pou li Kenbe Pouvwa a


UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-JOHNSON
UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-JOHNSON

Premye-minis Grand Bretay Boris Johnson ap bat pou li kenbe pouvwa a apre 2 nan prensipal minis li kite kabinè a, kote yo fè konnen yo te pèdi konfyans nan kapasite Johnson pou li dirije gouvènman an nan moman gen eksplikasyon ki ap chanje tanzantan sou jan li te jere yon eskandal sou move kondyuit seksyèl.

Chef Trezò a, Rishi Sunak, ak Minis Sante Sajid Javid wete kò yo, e se 15 minit ki separe 2 demisyon yo madi, kidonk Johnson pèdi sipò mesye sa yo ki responsab pou takle 2 pi gwo pwoblèm ke Grand Bretay ap konfwonte - ki se kriz lavi chè ak enfeksyon Covid-19 ki ap ogmante.

Tou le 2 mesye yo fè konnen yo pa kwè nan Johnson ankò depi jou Premye-minis la te fè bak sou deklarasyon li te fè anvan sou yon eskandal move konduit ki boulvèse gouvènman li an pandan 6 jou ki pase yo.

XS
SM
MD
LG