Otorite yo fè konnen ayè madi a li te gen otorizasyon achte yo malgre moun te rele lapolis lakay li 2 fwa lè li te menase pou fè vyolans ak pou touye tèt li an 2019. Sispèk la anba akizasyon pou 7 ka asasinay. Avoka leta nan Lake County, Eric Rinehart, pwomèt ke l ap chache kèk douzèn lòt akizasyon e ke akize a ap jwenn santans prizon avi obligatwa san posiblite pou pawòl.
Asayan an te simaye plis pase 70 bal sou yon foul moun etan sou yon do kay nan Hiland Park, yon kominote rich ki gen apeprè 30-mil arebò Lak Michigan.