Accessibility links

Breaking News

Lѐzetazini ak Alye l yo Vle Fѐ Wete Larisi ak Byelorisi nan Direksyon kѐk Òganizasyon Spòtif


Russia's Daniil Medvedev, shown here during the men's singles final of the U.S. Open tennis championships, will be able to defend his title as Russian and Belarusian players will be allowed to compete in the tournament.
Russia's Daniil Medvedev, shown here during the men's singles final of the U.S. Open tennis championships, will be able to defend his title as Russian and Belarusian players will be allowed to compete in the tournament.

Nan jounen madi a, Lѐzetazini ak alye l yo mande komite direktѐ kѐk òganizasyon spòtif pou yo sispann Larisi ak Byelorisi nan federasyon entѐnasyonal spotif yo poutet envazyon li fѐ nan Ikrѐn nan.

Yon deklarasyon kote Depatman Deta Ameriken an reklame revokasyon 2 peyi yo, fѐ konnen: “Lagѐ Larisi chwazi fѐ kont Ikrѐn nan –yon lagѐ non-pwovoke e enjistifyab ke gouvenman Byelorisi a fasilite- se yon zak abominab e sa reprezante yon vyolasyoon flagran obligasyon entѐnasyonal Larisi.”

Deklarasyon an ajoute:

“Respѐ pou dwamoun ak relasyon pasifik ant pep yo fòme fondasyon spò enѐnasyonal.”

Deklarasyon an mande tou pou “moun ki asosye sere sere avek leta Belaris ak Larisi –pami yo gen, antwòt, otorite nan gouvenman yo- ta dwe pedi plas yo nan pozisyon ki gen enfliyans nan federasyon entѐnasyoonal spòtif yo, tankou komite direktѐ yo ak komite oganizatѐ yo. Anfen, dokiman an reklame sispansyon retransmisyon sou radyo ak televizyon evennman spòtif yo nan tou le 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG