Accessibility links

Breaking News

Volodymyr Zelenskiy Deklare Lansman Transmisyon Elektrisite pou Woumani


NATO summit in Madrid
NATO summit in Madrid

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskiy deklare lansman transmisyon elektrisite pou ale nan peyi Woumani. Se koumansman yon efò ki ka ede Ewòp la redui depandans-li sou idwokarbòn k ap soti nan LaRisi.

Zelenskiy pale konsa ayè jedi a nan mesaj video li ki pase chak swa, apre yon anons Premye-minis Denys Shmyhal ki fè konnen ekspòtasyon yo te tanmen bonè nan maten - ak yon volim 100 megawatt - 4 mwa apre LaRisi te tanmen lagè nan Ikrèn nan.

Prezidan an di ekspòtasyon yo ki tanmen an se "yon lòt gran pa nan mouvman nou pou rapwoche nou ak Inyon Ewòp la."

XS
SM
MD
LG