Accessibility links

Breaking News

Larisi Byen Kapab Koupe Pwovizyon Gaz ki Prale ann Ewòp, daprè Ajans Entènasyonal Enèji a


Poland's Prime Minister Mateusz Morawiecki speaks during a news conference near the gas installation at a Gaz-System gas compressor station in Rembelszczyzna, outside Warsaw, Poland, April 27, 2022.
Poland's Prime Minister Mateusz Morawiecki speaks during a news conference near the gas installation at a Gaz-System gas compressor station in Rembelszczyzna, outside Warsaw, Poland, April 27, 2022.

Lond - Ajans Entènasyonal Enèji a lanse yon avètisman pou l di Larisi byen kapab koupe totalman gaz ki prale ann Ewòp la yon fason pou l ranfòse enfliyans li sou loksidan aprè envazyon Moskou fè nan Ikrèn nan. Nan jou ki pase yo, Larisi te pran desizyon pou l koupe yon gwo pati nan pwovizyon gaz ki prale sou kontinan an. Krèmlen an lage responsablite a sou do sanksyon Inyon Ewopeyen an enpoze sou li e ki ta koze reta nan livrezon ekipman ki nesesè pou gaz la sikile; tandiske Ewopeyen yo, yo menm, akize Krèmlen an deske l ap itilize gaz la kòm yon zouti politik.

Direktè Egzekitif ajans la, Fatih Birol, pibliye yon deklarasyon li remèt Reuters, kote li di:

“Etan done konpòtman Larisi nan jou ki pase yo, mwen pa ekate posiblite pou peyi sa a kontinye kreye pwoblèm ak dosye sa a e li jwenn (li pral kontinye jwenn) eskiz pou l redui plis toujou livrezon gaz la ann Ewòp; pètèt menm li pral koupe gaz la nèt-nèt. Se poutèt sa Lewòp dwe genyen kèk plan de rechanj.”

Kriz Enèji

Si Larisi ta koupe totalman gaz l ap voye ann Ewòp la, sa ta plonje kontinan an nan yon kriz enèji, daprè Tom Marzec-Manser, direktè analiz sou gaz nan Sèvis Entèlijans Endepandan sou Komodite. Li fè Lavwadlamerik konnen:

“Kantite gaz k ap sòti Larisi pou le moman pou antre ann Ewòp an pasan pa gwo tiyo gaz yo (pipeline), se an pratik yon ka (1/4) sa l te ye sa gen yon ane. Alòs, volim nan vin ba, li trè ba, e se yon sitiyasyon ki bay pwoblèm. Sa vle di nou dwe rebati depo gaz nou, ogmante rezèv nou gen nan depo, anvan pwochen sezon livè a rive. Yon travay konsa vin pi difisil anpil.”

XS
SM
MD
LG