Accessibility links

Breaking News

Koup di mond 2022: FIFA Deja Vann Tikè pou 1 Milyon 200 Mil Dola


FILE - Hassan Al Thawadi, head of the Qatar 2022 World Cup organizing committee speaks during a press conference, in Doha, Thursday, Feb 25, 2015.
FILE - Hassan Al Thawadi, head of the Qatar 2022 World Cup organizing committee speaks during a press conference, in Doha, Thursday, Feb 25, 2015.

Sekretè Jeneral Komite Òganizatè Koup di mond 2022 a, Hassan Al-Thawadi, ki t ap pale mèkredi, di Kantite tikè ki vann pou match koup di mond yo rive nan yon milyon 200 mil dola apre fen dezyèm faz lavant yo.

Al-Thawadi, ki t ap patisipe nan Fowòm Ekonomik Katar la, nan Doha, deklare "Mwen panse demann pou tikè yo se yon gwo rekò. Moun yo ap achte tikè e y ap tann Koup Di Mond la pou yo fè deplasman an; nou pa gen okenn dout sou sa."

Pri tikè avyon yo ak otèl yo bay kèk asosyasyon ak sipòtè gwo kèsote. Sou pwen sa a, Hassan Al-Thawadi deklare: "Nou eseye kreye yon anviwonnman kote ekonomi peyi a ap benefisye, men tou pri yo ap abòdab e aksesib pou fanatik yo."

Plizyè ONG denonse Koup Di Dimond sa a akoz sitiyasyon respè dwa moun nan Katar, e sitou akoz move tretman travayè migran yo resevwa nan peyi a.

XS
SM
MD
LG