Accessibility links

Breaking News

Gustavo Petro Se Nouvo Prezidan Kolonbi


COLOMBIA-ELECTION-RUNOFF-PETRO-colombie
COLOMBIA-ELECTION-RUNOFF-PETRO-colombie

Gustavo Petro, yon ansyen manm mouvman geriya M19-la ki sèmante pou l fè gwo chanjman sosyal ak ekonomik, se pwal nouvo prezidan Kolonbi, apre li fin bat antreprenè milyonè nan konstriksyon Rodolfo Hernandez nan eleksyon ayè dimanch la.

Gustavo Petro, yon gochis, ak Rodolfo Hernandez, ki pa te nan politik anvan, 2 ansyen majistra, te devan 4 lòt kandida nan premye tou eleksyon an, 29 Me pase. Apeprè 39 milyon moun te kalifye pou vote, men plis pase 40 pousan moun pa vote nan eleksyon prezidansyèl depi 1990.

Kolonbyen fache poutèt inegalite k ap ogmante, ak enflasyon ak vyolans nan Kolonbi. Konsa, elektè yo te meprize santris ak politisyen zèl-dwat ki te nan pouvwa a

depi lontan, men chwazi ant 2 moun ki fèk parèt nan politik.

XS
SM
MD
LG