Accessibility links

Breaking News

Joe Biden ap Anvizaje Eliminasyon Taks Federal Ke moun Peye sou Gaz


El presidente de EE. UU., Joe Biden, habla mientras organiza el Foro de las principales economías sobre energía y cambio climático
El presidente de EE. UU., Joe Biden, habla mientras organiza el Foro de las principales economías sobre energía y cambio climático

Prezidan ameriken an, Joe Biden, ap konsidere lide pou li elimine taks federal ke moun peye sou gaz e redui nan kèk tarif sou atik enpòte chinwa, pou ede Ameriken yo fè fas ak pri pwodui konsomasyon yo ki monte disèt wotè, dapre sa Minis Trezò a, Janet Yellen, di dimanch.

Nan yon entèvyou Yellen bay nan emisyon "This Week" ki donk Semèn Sa a, sou chèn televizyon ABC, li deklare: "Prezidan Biden vle fè nenpòt sa ki posib pou l ede konsomatè yo." Li ajoute: "Pri gaz moute anpil e se klèman yon fado sou do fwaye ameriken yo."

Pri gazolin nan Etazini rive nan yon nivo pèp la pa t janm konnen anvan, swa apeprè 5 dola pa galon; se jiska plis pase 48 pousan plis ke jan li te ye sa gen yon lane. Dapre Minis Yellen toujou, eliminasyon taks federal la, ki se 18,4 pousan sou pri galon an, se yon lide ki merite konsiderasyon e administrasyon Biden nan vle travay ak Kongrè a pou mete li ann aplikasyon.

XS
SM
MD
LG